Vil Fort Lauderdale, Florid, preparasyon pou siklòn - Prepare w!
City of Fort Lauderdale, Florida - Venice of America
spacer

Prepare w pou sezon siklòn nan depi kounye a!

Nan zòn sid Florid la, sezon siklòn kòmanse premye jen epi li fini 30 novanm.

Poutèt nou rete nan Sid Florid, nou toujou alapòte malè ki kab rive nou nan ka siklòn. Sa ki pi enpòtan pou tout moun fè pou yo ka kenbe anba siklòn, se bon jan preparasyon. Si w poko fin fè tout preparasyon nesesè pou sezon siklòn nan, fè sa kounye a.

Prepare yon bwat atik espesyal met la depi kounye a pou lè gen siklòn!

Èske w gen ase atik pou dire omwen 3 jou (72 èdtan). Omwen, asire ou gen bagay sa yo:

  • Dlo (omwen yon galon pa jou pou chak moun)
  • Manje konsèv (yon kle bwat)
  • Plat katon ak kiyè plastik, fouchèt plastik, kouto plastik
  • Flach ki mache ak pil
  • Radyo a pil
  • Kèk pil an rezèv
  • Yon kit premye swen
  • Lajan kach
  • Medikaman doktè preskri (ase pou 2 semèn)
  • Linèt oubyen linèt kontak
  • Papye ijenik, savon, papye pou netwaye tibebe, atik twalèt
  • Gwo sache plastik pou mete fatra
  • Rechanj rad, gan, bon jan soulye, padesi
  • Dra ak zòrye
  • Kle kay, kle machin, kle batiman
  • Zouti ak kòd, tep, kouvèti plastik
  • Klowòks ki pa gen odè
  • Atik nesesè (pou timoun, pou tibebe, pou granmoun aje, pou bèt kay)
  • Dokiman enpòtan (lisans pou kondi, batistè, papye asirans, dosye medikal, eksetera, mete yo nan yon sache oswa nan yon bwat plastik)
  • Atik nesesè pou sa ki bezwen moun ede yo (pou timoun, pou tibebe, pou granmoun aje, pou bèt kay)

Prezantasyon Biwo ki okipe afè ka ijan sou ki preparasyon popilasyon an dwe fè

Ou kapab telechaje prezantasyon Biwo ki okipe afè ka ijan sou ki preparasyon popilasyon an dwe fè a sou òdinatè w, pou w ka gade l lè w vle. Se depatman sa yo ki prepare prezantasyon sa a: “Fort Lauderdale Fire-Rescue Department and Domestic Preparedness” ak “Emergency Management Bureau.” (N ap tou avèti w sa se yon GWO fichye, l ap pran anpil tan pou l telechaje.)

black-corner-t-l black-side-t black-corner-t-r
black-side-l 1x1

Gid preparasyon pou siklòn

dot-small

Prepare w kounye a!

dot-small

Ki sa siklòn ye?

dot-small

Danje ki gen nan siklòn

dot-small

Lis kontwòl preparasyon

 

· Anvan sezon siklòn nan rive

 

· Pandan anons pou veye siklòn

 

· Pandan gen yon avètisman siklòn

 

· Apre yon tanpèt fin pase

dot-small

Kat ki montre zòn evakiyasyon

dot-small

Wout evakiyasyon

dot-small

Fason pou w pwoteje kay ou

dot-small

Fason pou w pwoteje bato w

dot-small

Pou sa ki bezwen moun ede yo

dot-small

Fè preparasyon pou bèt kay

dot-small

Inondasyon epi asirans

dot-small

Konsèy sou sèvis dijyèn

dot-small

Konsèy sou dlo tiyo ak dlo lapli

dot-small

Prekosyon nan sèvi ak dèlko

dot-small

Klas fòmasyon CERT gratis

dot-small

Moun ou ka kontakte

dot-small

Sit wèb ki enpòtan

dot-small

Inisyativ preparasyon pou moun ki abite nan kondominyòm

dot-small

Gid Pou W Pare PDF File

dot-small

Información en Español

dot-small

Information in English

1x1
black-corner-b-l black-side-b black-corner-b-r

U.S. Department of Homeland Security
Federal Emergency Management Agency (FEMA)
Hurricane Preparedness Web Site
Florida Division of Emergency Management (DEM)
Broward County Emergency Management Agency
National Weather Forecast
Florida Department of Law Enforcement
Salvation Army
American Red Cross
Local Emergency Planning Committee

Get Free CodeRED Emergency Notifications